Jounen PÒT OUVÈ ak Fanm TRAFKAD

Se depi nan lane 2007, FESMAR te pran inisyativ pou l reyalize chak ane kenz jou apre fèt Pak, you gwo aktivite mobilizasyon nou konnen sou non Fèt Kakawo. Pou ane sa, pou n make gwo evenman sa, FESMAR nan tèt kole ak Fanm TRAFKAD, ap reyalize nan jou ki ap dimanch 11 me a, you jounen PÒT OUVÈ.

Se nan lokal atelye kote Fanm TRAFKAD ap fonksyone a, n ap tann nou tout pou nou vin ankouraje medam yo nan travay transfòmasyon kakawo y ap fè depi lane Nou envite n vin goute produi tou nèf ki fèt ak kakawo. N a tou fè Fanm TRAFKAD konnen, nan you ti ankèt ki af fèt sou nouvo produit yo, kilès ladan yo nou pi renmen. Nou envite nou tou, achte nan divès kalte produi ki ap tann nou nan boutik atelye a.

Pa bliye, se jou ki ap dimanch 11 me a, depi onzè nan maten, n ap tann nou nan okazyon 16èm Edisyon Fèt Kakawo nan Dammari.

Vini! Vini! N ap tann nou!

Suivant
Suivant

Programme de la Fête du Cacao 2024